ads-01

(Mapou Lagon) Ansanm nou ka reyalize anpil bagay

 Depi kèk tan nou ka remake andan peyi a ke leta absan nan tout nivo
e nou tout konnen deja, yon peyi san enfrastrikti se tankou yon motè san kabiran
Se poutèt sa yon gwoup Mapwa ak Mapwaz kap viv tout kote sou latè deside aji nan fason pa yo ak mwayen pa yo pou chanje vizaj lakay yo, se vre defi yo anpil men sonje ke fòs la se nan linyon li ye.

Jodi a tout moun Mapou Lagon ka remake gen ekleraj nan tout zòn yo gras ak pwojè lanp a solèy ki te enstale tout kote nan ane pase yo, yon pwojè ki te reyalize gras ak supò tout pitit Mapou Lagon ki te konprann nesesite pou te gen limyè tout kote nan Mapou lagon.

Travay la pa fini la, jodi a (Mapou New Generation Project) antame yon lòt faz ki pi gran ki se betonaj tout wout prensipal ki nan Mapou Lagon
ou menm ki te patisipe nan pwojè avan an, ou menm tout ki pat patisipe tou pou kèlkeswa rezon an, fwa saa Mapou Lagon konte sou patisipasyon paw, paske yon sèl fason kew ka moutre kew renmen lakay ou, se lèw kontribye nan bèlte l`, nou tout ta renmen wè vizaj Mapou Lagon chanje, nou tout reve wè chanjman saa, ebyen ann kontribye nan devlopman lakay nou, ann fè mapou Lagon diferan de sa nou te konnen lontan an, pa di nou pap kapab paske ansanm nou fò, ansanm nou ka fè mirak nan lakay nou

nenpòt kote w ye, nenpòt jan w vle kontribye sa ap vrèman fè manman nou  Mapou Lagon kontan, annou tout kole tèt nou ansanm pou nou leve eskanp figi lakay nou, si Manman ou lèd sa gen efè dirèk sou ou kèlkeswa ran sosyal ou, se menm jan an tou si nou kite Mapou Lagon kontinye degrade chak jou pi plis ebyen pa gen okenn fyète pou ou etanke pitit.   

ou menm ki ta vle entegre gwoup whatsapp (Mapou New Generation Project) just ekri nou nan numewo saa: (+1 413 400 2952 ) pou nou ka joutew nan Forum nou sou whatsapp, paske se nan gwoup whatsapp la nou diskite tout bagay, ou ka al swiv nou sou facebook tou nan link saa: https://www.facebook.com/profile.php?id=100064617737358

Pa janm bliye peyi w reve genyen an demen, se ou ki pou konstwi li depi jodi a, yon lòt Mapou Lagon posib si mwen avèk ou gen volonte a

depiw rekonèt yon moun Mapou Lagon oswa yon moun ki gen enterè nan Mapou Lagon, di li lakay bezwen supò li pou l`ka dekole, bay sa w` genyen paske bay piti pa chich se aksyon ki konte, pou valè pitit Mapou Lagon genyen kap viv aletranje jodi a se moman pou nou pwouve lanmou nou pou lakay nou.

auteur:  Von Erick SANON

Rtv Mapou Net

Enregistrer un commentaire

1 Commentaires
  1. Ekri yon kòmantè pou w di kisa w panse de inisyativ saa ke gwoup ( Mapou New Generation Project) ap antre prann just pou fè wout prensipal yo nan Mapou Lagon, mèsi pou feedback ou!

    RépondreSupprimer

commentaire

Top Post Ad

Below Post Ad

pub