ads-01

James PIERRE S'ammuse avec son ami Guy Wewe




Yon Video ki deja ap fè tour rezo sosyal yo, kote aprè yon aktivite kiltirèl, 2 jèn enfliansè sa yo 2 gwo jounalis Ayisyen (Mr James PERRE e Guy Wewe Radio a, nan yon seyans foto ki ta pral mete 2 jounalis yo sou yon menm tablo, ebyen nou ka remake kijan James tap anmède Guy Wewe pou kesyon gwo vant, video vrèman amizan, anpil moun kontan, konsa tou gen moun ki panse yon ti video kote 2 zanmi ap amize yo konsa pa ta supoze ekspoze a gran publik la sou rezo sosyal yo.
Jodi a gwo kesyon ke anpil ap poze, èske gwo vant se yon maladi oswa tou se yon defo, men sa ki evidan nan moman ke nap viv jodi a, ni fanm ni gason majorite nan yo pa fin two konfòtab ak moun ki gen vant gwo, si se pa nan moman gwosès.

Crédit vidéo : James PIERRE

An pasan Mr James Pierre ki gen pwodwi ke li vann ki rele Herba life, yon pwodwi ki ede moun fè "diet" kase vant, nan video saa li te tou konseye zanmi l Guy Wewe pou li ta kòmanse pran ti té Herba life li pou edel kase vant lan paske vant lan kòmanse ale kite Guy dèyè.

Lòt bagay ki evidan ou te ka remake nan video a, ou ka wè se 2 bon zanmi ki gen maturite kap trip ant yo, malgre James ap anbete Guy Wewe, men Guy pa ni fache, ni move ni eksite, e mwen renmen kote Guy di ah monchè James vant mw ap fèm mal, malgre sa, James kole nan kò Guy pi rèd pou l'ap plede di li  "rale l' toujou Guy, rale l' oubyen annou fè foto a sou kan pito pou li pa two parèt" epi Guy vre ap fòse rale chemiz li vre

Antouka mesye se te vrèman amizan, e publik nou an vrèman renmen nivo saa nou kenbe a etanke moun ki trè mati nan domèn jounalistik la, nan non tout fanatik nou ak tout moun ki renmen prezans nou sou rezo sosyal yo, ekip Rtv Mapou Net la di nou bòn kontinite, bon travay epi bon suksè, e video saa se pi gwo kado nou te ka bay publik nou an pou fen ane 2022 a.


(Von Erick SANON)

Enregistrer un commentaire

0 Commentaires

Top Post Ad

Below Post Ad

pub