ads-01

Ayiti pran nan zobop, ak yon gouvènman sanginè, san pye san tèt


Jovenel Moise Prezidan  Eli e mouri asasinen, ranplase pa yon Premye minis defakto ( Ariel Henry) ki ap jwi yon pouvwa san pye, san tèt.

Tankou tout moun ka konstate, depi aprè asasina Jovenel, peyi a pap dirije, peyi a pa gouvène, yon gwoup swadizan politisyen, yon bann apatrid ki pa bay peyi regle anyen pou yo ki kenbe tèt yon leta kap fè tout yon popilasyon moute le syèl pa do, yon bann nèg ou ta menm anvi mande tèt ou èske nèg sa yo se ayisyen tout bon vre?

Tout enstitisyon etatik yo kraze, e sa ki pi di a se lè okenn moun pa konn  ki lè yap rekanpe enstitisyon yo, anpil moun ki te konn ap entèprete konstisyon an nan fason pa yo just pou te justifye ke manda Defen Prezidan Jovenel te fini de 7 fevriye 2021, jodi a anpil nan menm moun sa yo byen alèz pou ap repete ke nou pa lòd konstitisyonèl, pandan setan yon Gouvènman defakto ki pa gen okenn lejitimite ni manda rete ap taye banda.

Pri gaz moute, yon pati nan popilasyon an fè operasyon Bwa kale, Pm defakto a kwaze pyel byen serye e li kontinye ap peze, malgre anpil dega fèt, peyi lòk, lekòl fè anviwon 3 mwa paka louvri pòt yo, Pm nan di sa pa gade l’

Finalman tout dispozisyon pran, pèp la ki te gentan kòmanse abitye ak gaz atè ki tap vann juska 3500 goud e e menm plis, ebyen filnalman reziye yo, yo di yo pito pran li ak pri li ye nan ponp yo olye pou yo ta kontinye a ap peye tèt nèg atè a nan achte pa galon

Gouvènman Defakto a di bravo paske plan yo te moute a pèp la reziye l` vale pri a

Ensekirite a pase a 500% se kòmsi sa pa mele otorite yo, paske yo pa gen okenn redevans anvè pèp la, dayè se pa nou ki mete yo nan plas yap jwi yo

Pèp la paka manje, sa pa gade leta

Lekòl gen 3 mwa depi pòt yo pa ouvri, leta pa fè okenn efò pou timoun yo retounen al pran pen enstriksyon, epoutan nan anviwon 1 an sèlman menm leta saa ogmante pri gaz la pandan 2 fwa

Yon peyi ki gangsterize nan tout entegralite l' okenn efò konkrè pa fèt vre pou kraze fwaye gang yo tout bon vre, okontrè anpil enfòmasyon ta fè kwè ke anpil manm nan gouvènman saa gen zanmitay ak chèf gang e menm gen gwoup gang kap travay pou yo.

Finalman nan eta peyi saa ye laa èske nou ka desann pi ba toujou?

Tout tradisyon yo disparèt, pa gen kanaval, pa gen fèt fen ane, pa gen fèt nan moman pak pou bann rara yo soti ankò, vakans dete dyaspora paka desann al fè vavans ak fanmi yo ankò akoz laperèz yo genyen pou yo pa viktim se ensekirite etatik jeneralize saa

Dyaspora yo endinye, yo strese , yo fatige, yo dekouraje men malgre tou andan kè yo Ayiti gen pi gwo plas la, nan lespri yo se pwoblèm peyi yo kap boulvèse yo, malgre yo pa ba yo dwa pou egzèse dwa politik yo, malgre limitasyon men sa pa anpeche ke yo pran koz ayiti a pote sou do yo se kòmsi kwa Jezi kris tap pote a


Kesyon anpil moun ap poze, Pouki pèp Ariel ap travay?

Pou konbyen tan Ariel nan tèt peyi a?

poukisa malgre tout soupson ki gen sou Ariel Henry nan sa ki gen rapò ak asasina Prezidan Jovenel blan an toujou ap soutni li pou li kenbe pouvwa ?

Poukisa dosye asasina Prezidan Jovenel Moise toujou sèvi yon anbara pou Premye minis la, malgre se li ki te nome li avan  asasina li?

 Pèp la pran nan zobop, Ayiti genlè te joure yon granmoun, nou pran nan madichon

 Konbyen moun ki pou tonbe ankò, konbyen tan pou nou pèdi ankò, konbyen desepyon ak imilyasyon pou nou pran devan pòt etranje ankò pou nou panse a ranje peyi nou?

Nou eseye tout kalite moun deja, nou eseye tout vye pyès deja, men rezilta yo toujou anpire, nou eseye, Pè deja, nou eseye doktè, nou eseye mizisyen tafyatè, nou eseye peyizan, ala fanm pa gen chans se Ayiti, chak nèg ki vini se toujou ak anpil bèl pawòl, men kan yo fin bon se pitit kaka san savon yo lage nan kòlèt li epi fin manje tout ti rezèv li te rete  epi apre sa yo lage pye yo.

 Ayiti, Ayiti Ayiti kilè wa konn gou yon bon lanmou.

Auteur: Von-Erick SANON

Enregistrer un commentaire

0 Commentaires

Top Post Ad

Below Post Ad

pub