Ayisyen se migran ki plis resevwa viza Dominiken atravè tout mond lan. Se youn nan rezon ki fè biznis vann viza an Ayiti vin yon aktivite ki rapòte anpil lajan. Nan yon ankèt li pibliye an kreyòl sou sit entènèt li, jounal Dominiken “Listin Diario” poze pwoblèm pwosesis pou Ayisyen achte viza, men tou, kijan ajans ak patikilye itilize sektè sa pou vòlè kòb moun, nan lespwa y ap fè yo jwen li pou fasilite yo kite peyi a.
Pòtoprens, 29 Novanm 2022.- Nan travay ankèt sa a, jounal Dominiken “Listin Diario” pale a plizyè Ayisyen ki peye anpil lajan pou rive jwen yon viza, men yo pale tou ak moun kap travay nan kèk ajans kap vann viza. Anpil nan sitwayen jounalis yo pale avèk yo fè konnen, yo konn pèdi lajan akoz ajans vwayaj ak kèk patikilye ki pwopoze yon sèvis ki pa pèmèt yo jwen viza a vre. Youn nan anplwaye « Listin Diario » pale ak li, fè konnen nan kòmansman septanm, viza dominiken an monte 600 dola ameriken.
“Sa varye (pri an). Pafwa sa koute 300, 400, 500, emenm pafwa 600 dola ameriken. Men se pa ajans ki peye sa, se konsila paske …. Ou konnen, se konsa yo (konsila) ye. Yo toujou ogmante yon ti kras pri an”, se sa anplwaye sa eksplike medya Dominiken an.
Selon chif ofisyèl Ministè dominiken zafè etranjè, gen yon diferans ant pri diferan viza dominiken yo. “Rezolisyon kounya 2-07 ministè sila, fè konnen li ta dwe soti 40 pou rive 60 dola, selon tip lan. Men enfòmasyon menm enstans lan bay aprè yon demand nan kad repòtaj « Listin Diario » a, fè konnen, viza yo koute 70, 80, 85 jiska 90 dola Ameriken, an fonksyon de kategori a.
Sepandan, afich ki plake devan nan konsila dominiken an Ayiti a ak piblikasyon ki fèt sou rezo sosyal yo fè kwè pri an varye sòti 175 pou timoun pou rive 225 dola pou granmoun. « Listin Diario » raple, selon ministè dominiken zafè etranjè, demand viza se yon bagay pèsònèl e li dwe fèt nan konsila oubyen nan anbasad la. “Si se pa konsa sa rive fèt, se ap yon pwosesis ki pa legal, daprè lalwa 875 sou zafè bay viza”, se sa jounal la ekri.
Parapò ak dezespwa ki gen an Ayiti, epi difikilte ki genyen pou yo jwenn viza lòt peyi pa egzanp Etazini ak Kanada, anpil moun spesyalman jèn yo, ap chache lòt mwayen pou kite Ayiti. E youn nan peyi ki pi fasil pou yo ale, se Repiblik dominikèn.
“Se pou sa, sòti 2020 pou rive 2021, gon ogmantasyon 40% nan bay viza dominiken ak Ayisyen”, se sa « Listin Diario » ekri. Menm si l pa posib pou pwouve ogmantasyon an chita inikman sou ajans yo, men li reflete dezespwa ki anvayi Ayisyen ki vle kout ke kout kite peyi a, kote lane pase, Prezidan Jovenel Moise mouri asasinen, yon gwo goudougoudou pase epi 767 moun ale nan peyi san chapo anba grif Kovid-19 anplis de enpak lòt maladi.

“Sòti 2015 pou rive premye semès 2022, 89% pami 818 mil 885 viza misyon konsilè dominikèn yo bay, se Ayisyen ki resevwa yo”, selon chif Ministè zafè etranjè bay nan kad ankèt sa jounal la mennen. Sèlman nan Pòtoprens, nan komin Petyonvil, 269 mil 625 viza bay, kote pi fò nan yo, se viza dafè miltip (TM), ki reprezante 89%. Tourism ale vini (TM) twouve l nan 2zyem pozisyon avèk 35 mil 065, e nan 3zyèm pozisyon, nou jwenn, tourism senp (ST) avèk 12 mil 213.
Pandan peryòd sa, Listin Diario di chif yo montre misyon an Ayiti yo rapòte 64 milyon 212 mil 645 sou 85 milyon 749 mil 330 dola ameriken ki rantre. Sa ki reprezante 75% total lajan tout konsila dominiken yo resevwa nan tout mond lan. Jounal la raple, Repiblik dominikèn genyen 47 konsila atravè mond lan, 5 ladan yo Ayiti.
luckson Saint-vil
commentaire